Accessibility links

Breaking News

Legliz Katolik Ap Eseye Reyini Aktè Politik yo pou Jwenn yon Solisyon Negosye nan Kriz Politik la


Kap-Ayisyen: Plizyè Otorite Asiste yon Tedeyòm nan Katedral la nan Okazyon 216èm Anivèsè Endepandans la
Kap-Ayisyen: Plizyè Otorite Asiste yon Tedeyòm nan Katedral la nan Okazyon 216èm Anivèsè Endepandans la

Legliz katolik ap eseye reyini yon lòt fwa ankò aktè politik yo pou wè si yo ta kapab siyen yon akò pou rezoud kriz politik la. Reprezantan Prezidan Jovenel Moise ak opozisyon an ap chache ini akò opozisyon an te siyen nan otèl Marriott ki mande demisyon prezidan an ak akò Kinam nan ki mande pou prezidan an rete sou pouvwa a ak fòmasyon yon gouvènman konsansis.

Pòt pawòl opozisyon radikal la mèt Andre Michel di yo pa nan negosyasyon ak Prezidan Jovenel Moise amwens ke li dakò pou l demisyone. Nan fen ane 2019 la opozisyon radikal la te fè konnen yo pral pran lari a lannuit yon fason pou pa anpeche elèv yo al lekòl men pou kontinye egzije demisyon Jovenel Moise nan tèt peyi a.

Prezidan Jovenel Moise, 13 janvye 2020 an fè yon diskou kote li di li konstate kadisite 50èm lejislati a ki pèdi 2tyè swa 19 senatè ak manda tout depite yo nan chanm bas la ki rive nan bout yo. Sepandan, si yon tyè sena a aksepte manda yo fini, yon lòt tyè fè konnen manda yo ap bout jis nan mwa janvye 2022. Gwoup senatè sa yo ki kontinye al nan biwo yo rele Prezidan Jovenel Moise nan tribinal.

Chèt leta a bò kote pal lage responsabilite a sou 50èm lejislati a ki pandan tout egzistans li pat rive vote yon nouvo bidjè ak lwa elektoral la ki pou te pèmèt eleksyon fèt pou renouvle manda depite ak senatè yo. Prezidan Jovenel Moise nan entèvyou ak Lavwadlamerik fè konnen li vle negosyasyon ak opozisyon an e li pa gen entansyon itilize vid palmantè a pou l regle zafè politik pal.

XS
SM
MD
LG