Accessibility links

Breaking News

Ayiti Te Deja Pran Tout Dispozisyon pou Anpeche Aktivite Teworis sou Teritwa l Dapre Minis Bocchit Edmond

Minis Afè Etranjè ayisyen an Bocchit Edmond, Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo, Lidè opozisyon Venezuela a, Juan Guaido, Prezidan Kolonbyen an Ivan Duque, Vis prezidan Kolonbyen an Marta L. Ramirez, minis afè etranjè kolobyen an Claudia Blum nan Bogota, Kolonbi, 20 jan. 2020.

Minis afè etranjè gouvènman demisyonè ayisyen an, Bocchit Edmond, ki t ap patisipe nan 3èm rankont ministeryèl rejyonal la nan Bogota an Kolonbi sou teroris, fè konnen Ayiti deja pran dispozisyon pou l frennen aktivite teroris yo.

Chèf diplomasi ayisyen an site bay delege peyi nan rejyon an, kreyasyon Unite de Lutte Contre La Coruption ak Unite Central de reseignements financiers kòm 2 ajans ki gen pou misyon konbat sou plan lokal koripsyon sou kèlke swa fòm nan administrasyon piblik la, anrichisman ilegal ak blanchiman lajan ak byen ki soti nan trafik dwòg.

Sekretè deta ameriken an Mike Pompeo ki t ap patisipe nan rankont la avan li ale nan Jamayik, mande peyi nan rejyon an pou bloke tout sous finansman aktivite teworis yo. Chèf diplomasi ameriken an denonse prezidan Venezuelyen an Nicolas Maduro li di ki ebèje gwoup Hezbollah ke Etazini konsidere kòm gwoup k ap patwone aktivite teworis.

XS
SM
MD
LG