Accessibility links

Breaking News

Selebrasyon Jou Martin Luther King nan Ozetazini

3 kandida a la prezidans: Sen. Bernie Sanders (a goch), Depite Tulsi Gabbard (mitan) ak Sen. Elizabeth Warren (adwat), ki t ap pale ak laprès devan Legliz Batis Sion, nan Columbia, Kawolin di Sid, anvan defile a. (Foto:Meg Kinnard/AP).

Ozetazini, nan okazyon Jou Martin Luther King Junior la, lendi 20 janvye 2020 an, prensipal kandida a la prezidans Pati Demokrat la selebre sa yo rele “Eritaj Pastè King nan”, nan yon Legliz Batis kote yo youn te kenbe men lòt ak men plizyè lidè dwa sivil. Seremoni sa a dewoule nan Legliz Batis Sion, nan vil Columbia, nan Eta Kawolin di Sid, kote plizyè milye moun patisipe nan yon defile ki al abouti devan lokal palman Eta a.

Moun te ka wè kandida Bernie Sanders avèk Elizabeth Warren ki bay lanmen nan seremoni sa a –yon lanmen yo pa t rive bay aprè dènye deba kanpay la ki te dewoule nan mitan semèn pase a. Senatè Sanders Senatris Warren, avèk yon lèt kandida, Senatris Amy Klobachur, te asiste yon sèvis espesyal nan legliz la anvan yo t al rankontre ak kèk lòt kandida, tankou Joe Biden avèk Pete Buttigieg, pou yo patisipe nan defile ki t al pran fen devan lokal palman an.

Dr. Martin Luther King (a dwat) nan yon konferans pou laprès nan vil Chikago, Eta Ilinwa, nan dat 7 janvye 1966.
Dr. Martin Luther King (a dwat) nan yon konferans pou laprès nan vil Chikago, Eta Ilinwa, nan dat 7 janvye 1966.

Nan mach sa a, moun te ka wè plis kandida ke kantite ki te patisipe nan denye deba a. Lè yo te rive devan rezidans gouvènè a, se le moman yon wopalè t ap pase anrejistreman diskou istorik defen Martin Luther King ki rele “I Have a Dream” oubyen “Mwen gen yon Rèv”.

Jou Marthin Luther King nan se yon jounen konje Ozetazini, kote moun pa travay ni nan sektè prive a ni nan sektè piblik la, epi lekòl nan nivo primè, segondè ak inivèsitè fèmen pòt yo.

XS
SM
MD
LG