Accessibility links

Breaking News

Yon Lekòl pou Prepare Pwofesyonèl pou Ede Viktim Tranblemanntè 2010 la ann Ayiti


Pwofesè ak etidyan nan Fakilte Syans Reyabilitasyon Leyogàn nan (FSRL).
Pwofesè ak etidyan nan Fakilte Syans Reyabilitasyon Leyogàn nan (FSRL).

Youn nan enstitisyon ki te pran nesans ann Ayiti aprè tranblemanntè 12 janvye 2010 la se Fakilte Syans Reyabilitasyon Leyogàn nan (Faculté des Sciences de Réhabilitation de Lèogane –FSRL) ki genyen yon istwa trè enteresan. Lekòl la te kòmanse an 2015 avèk 5 etidyan sèlman; jounen jodi a li genyen anviwon 50 etidyan. Objektif la sete prepare pwofesyonèl pou pote swen bay moun ki te viktim katastwòf natirèl la sou plan fizik, entèlektyèl e mantal epi ede yo reprann yon vi nòmal nan sosyete a.

Daprè fondatris FSRL, Doktè Janet O’Flynn, moun Eta ameriken Montana, lekòl la genyen yon ekip pwofesè melanje, swa pwofesè ayisyen avèk pwofesè etranjè ki sòti nan peyi Etazini, Kanada avèk Chili. Sa pa gen lontan 2 pwofesè ayisyen te vin ranfòse kò anseyan an, Jorel Simplice avèk Cécile Auguste. Doktè O’Flynn ekri pou l di :

« An 2015, nou te ouvè pòt lekòl nou an avèk 5 etidyan pou 2 pwogram akademik, « ègoterapi », avèk « fizyoterapi » nan Inivèsite Episkopal d Ayiti. Yon ti tan apre sa, « ègo » ak « fizyo » nan Inivèsite Sherbrooke, nan Kebèk, te rann posib yon kolaborasyon frankofòn avèk lekòl sa a ki rele Fakilte Syans Re-adaptasyon nan Leyogàn, FSRL. Inivèsite Sherbrooke genyen yon ekspètiz nan edikasyon global e nan yon tip aprantisaj ki baze sou « etid de ka »ki byen apwopriye pou devlope yon panse kritik e endepandan. Kolaborasyon an devlope, menm jan lekòl la devlope tou. Mwa sa a, 10 zan aprè tranblemanntè a, seremoni remiz diplòm pou premye pwomosyon FSRL la pral dewoule. »

Logo Fakilte Syans Reyabilitasyon Leyogàn nan (FSRL).
Logo Fakilte Syans Reyabilitasyon Leyogàn nan (FSRL).


Pandan ane 2018-2019 FSRL te ofri klas nan domèn sa yo (lis la pa konplè): Swen pou blese; Trètman pou Granmoun; Swen avanse ak Swen Kadyopilmonè ; Pwoblèm Pwofesyonèl ann Ayiti; Teknoloji d Asistans avek Adaptasyon Anviwonnmantal; Dyagnostik Diferansyèl; Lidèchip ak Antreprenarya ; Newoanatomi ; imaging ; patofizyoloji II, Devlopman Sikolojik ; Kondisyon Miskilosketal 2; Terapi Manyèl Avanse ; Entwodiksyon nan Pwofesyon konsènan Reyabilitasyon ; Lasante ak Byennèt ; Nitrisyon pou Reyabilitasyon ; Famakoloji pou Reyabilitasyon ; Aspè Sikolojik Maladi Andikap ; Panse Lojik avèk Priz Desizyon Klinik…

Daprè direktris O’Flynn, « lekòl sa a pa genyen yon kanpis veritab, ni yon bibliyotèk ki plen liv, ni entènèt k ap fonksyone an pèmanans. Men se yon lekòl kote ou jwenn bon jan kreyativite, enèji ak yon volonte pou amelyore lavi plis pase yon milyon 100 mil ayisyen k ap viv avèk ak andikab fizik, entèlektyèl ou mantal. Se yon gwoup ki kapab bay moun enspirasyon; e Ayiti kapab fyè de gwoup sa a… » E se avèk anpil satisfaksyon responsab yo anonse premye seremoni remiz diplòm lekòl la pral dewoule nan jounen dimanch 19 janvye 2020 an.

XS
SM
MD
LG