Accessibility links

Breaking News

Etazini-Venezuela: Sekretè Deta Pompeo Pwomèt Plis Asistans pou Guaido


Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo ki te pran lapawòl nan ouvèti rankont rejyonal sou kontre-teworism nan Bogota, Kolonbi, lendi 20 janvye 2020 an. (Foto/Ivan Valencia/AP).
Sekretè Deta ameriken Mike Pompeo ki te pran lapawòl nan ouvèti rankont rejyonal sou kontre-teworism nan Bogota, Kolonbi, lendi 20 janvye 2020 an. (Foto/Ivan Valencia/AP).

Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, fè konnen Lèzetazini pral fè plis efò anvan lontan pou l ede lidè opozisyon an nan Venezuela, Juan Guaido. Misye Pompeo ak Misye Guaido te rankontre ak laprès, nan jounen lendi 20 janvye 2020 an, nan koulis yon rankont rejyonal sou kontre-teworism k ap dewoule nan vil Bogota, peyi Kolonbi. Juan Guaido, ki se prezidan asanble nasyonal Venezuela a, te pwoklame tèt li prezidan sa gen yon lane apre li te deside ke re-eleksyon Prezidan Nicolàs Maduro a pa t lejitim. Administrasyon Trump la avèk gouvènman anviwon 50 lòt peyi rekonèt Misye Guaido kòm vrè prezidan Venezuela. Nan yon mesaj Misye Pompeo voye pou pèp venezuelyen an, li di:

“Mwen ta renmen nou konnen ke prezidan nou an se yon gran lidè ki vle mennen peyi nou an nan bon direksyon an –direksyon libète a, direksyon demokrasi a, pou l retabli pwosperite ekonomik la.”

Chèf diplomasi amerikèn nan ajoute Lèzetazini pral fè tout sa k posib pou l garanti ke venezuelyen yo jwenn opòtinite sa a.

Lidè opozisyon an o Venezuela Juan Guaido, ant Prezidan kolonbyen an, Ivan Duque (adwat) avèk Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, nan okazyon 3èm Konferans Rejyonal sou Lit kont Teworism.
Lidè opozisyon an o Venezuela Juan Guaido, ant Prezidan kolonbyen an, Ivan Duque (adwat) avèk Sekretè Deta ameriken an, Mike Pompeo, nan okazyon 3èm Konferans Rejyonal sou Lit kont Teworism.

Gwo popilarite Juan Guaido te genyen o-kòmansman ak rebelyon popilè ki te leve kont Maduro a sanble pèdi fòs yon ti kras pandan 12 mwa ki pase yo. Sepandan, Misye Guaido di laprès ke batay pou demokrasi a “jwenn altènativ, li jwenn diferan chemen ak taktik ki ranfòse l…” e efò pou debarase peyi a de Maduro se yon strateji k ap bay rezilta a lon tèm”. Juan Guaido ajoute:

“Diktatè yo pa konn remèt pouvwa yo pran fasilman konsa. Nou plis sanble ak Siri ke ak Kiba pou sa ki konsènen migrasyon, aksè ak sèvis epi enflasyon. Pa gen vaksen pou timoun nou yo. Y ap mouri paske yo pa jwenn manje… “

Mike Pompeo pa bay detay sou sa l rele “plis aksyon” ke Lèzetazini kapab pran pou l ede Juan Guaido. Washington deja enpoze sanksyon sou yon seri de politisyen wo-plase nan gouvènman Maduro a ak gwo responsab yo nan sektè petwolye venezuelyen an. Epi Lèzetazini poko janm ekate posiblite pou l ta pran yon aksyon militè kont Venezuela. Administrasyon Trump la akize rejim Maduro a deske li gen bon jan rapò avèk gwoup rebèl kolonbyen yo e avèk teworis Hezbollah yo ki baze nan Peyi Liban. Chèf diplomasi amerikèn nan pa di non plis si Lèzetazini gen plan pou l diziye Venezuela kòm yon peyi ki patwone teworism; li annik di jounalis yo “se tout tan Washington ap evalye” ki peyi ki merite ale sou lis la.

Pi ta semèn sa a Juan Guaido gen pou l ale nan Fowòm Ekonomik Mondyal la ki pral dewoule nan vil Davos, nan Peyi Laswis. Lè l va kite Venezuela, l ap pran anpil risk paske Kou Siprèm peyi a poze entèdiksyon pou l pa vwayaje aletranje e li ka pa jwenn pèmisyon pou l retounen.

XS
SM
MD
LG