Accessibility links

Breaking News

Frans: Lagoch Retounen sou Pouvwa a apre Preske 20 Tan


Peyi Lafrans genyen yon nouvo prezidan apre lidè pati sosyalis la, François Hollande, ranpòte laviktwa sou prezidan sòtan an, Nikolas Sarkozy, nan 2èm tou prezidansyèl yo ki dewoule dimanch 6 me 2012 la.

Rezilta a se: 52 pou san pou Misye Hollande epi 48 pou san pou Prezidan Sarkozy. Plizyè milye patizan Francois Hollande te rankontre avèk li nan fen jounen dimanch la devan Palè La Bastille la, nan vil Pari, kote yo bat gwo bravo pou li.

Misye Hollande, ki te kanpe an kwa devan anpil nan mezi mare-senti ekonomik ki an plas jounen jodiya nan Lafrans, pale ak foul la pou l di yo reprezante plis pase moun k ap mande chanjman, men yo fè pati yon mouvman ki pa sispann grandi sou tout kontinan ewopeyen an.

Daprè fason majorite elektè fransè yo pale, sanble yo pa kontan ak gwo to chomaj ki egziste jounen jodi a nan peyi yo, epi maji ki te makònen ak stil politik gouvèmman Sarkozi a sispann fè efè sou yo. Aprè anons ofisyèl viktwa François Hollande la, prezidan sòtan an te pale pou l di li pran responsablite a pou defèt ladwat ki pase preske 2 dizèn dane sou pouvwa a an Frans.

An jeneral, yo konsidere misye Hollande kòm yon òm politik de karyè ki genyen bon mannyè. Li pwomèt pou l pase alaksyon rapidman pou l mete an aplikasyon yon pwogram fiskal ki atache tradisyonèlman ak panse sosyalis la an Frans, sètadi yon pwogram ki makònen taks sitwayen yo ap peye avèk depans Leta; kidonk, obsèvatè yo deja prevwa gouvènman Hollande la pral ajoute sou taks fransè rich yo ap peye pou l ogmante depans Leta.
XS
SM
MD
LG