Accessibility links

Breaking News

Frans-Eleksyon : Deba ant Sarkozi ak Hollande Avan 2èm Tou Dimanch la


An Frans, prezidan sòtan an, Nicolas Sarkozi, ak rival sosyalis li a, François Hollande, tonbe nan konfwontasyon plizyè fwa nan sèl deba yo fè anvan 2èm tou eleksyon prezidansyèl ki pral dewoule dimanch 6 me k ap vini la a – daprè majorite sondaj yo, misye Hollande ta dwe ranpòte eleksyon sa a.

Nan deba televize a ki dewoule mèkredi 2 me 2012 la, Misye Sarkozi akize Misye Hollande deske li bay manti pandan yo tap fè diskisyon sou politik ekonomik peyi Lafrans.

Bò kote pa l, François Hollande akize Misye Sarkozi deske li pa pran responsablite li pou yon ekonomi ki pa sispann tonbe an degraba, pou yon to chomaj ki pa sispann monte, mete pou lòt pwoblèm Lafrans ap konfwonte jounen jodi a.
XS
SM
MD
LG