WASHINGTON DC —
10 sou yon total 17 kandida pou nominasyon Pati Repibliken an ap patisipe nan premye deba y ap fè pou detèmine kilès elektè yo ap chwazi pou reprezante pati a nan eleksyon prezidansyèl ane 2016 yo. Kandida yo espere deba sa a avèk lòt yo va gen pou patisipe pral ede konvenk elektè repibliken yo chwazi youn nan yo pou fè fas ak kandida demokrat la pou prezidansyèl novanm 2016 yo. Yon analiz ak Jean Robert Philippe.