Pwosekitè New York la Ensiste pou di "Lalwa la pou Tout Moun”

US-POLITIQUE-JUSTICE-PROCÈS-TRUMP

Pwokirè Nouyòk la ki te sipèvize ankèt ki te mennen akizasyon istorik kont ansyen prezidan Donald Trump te ensiste Madi ke pèsonn pa pi wo pase lalwa, e li di "konduit kriminèl grav" pa akseptab, kèlkeswa ki moun ki komèt yo.

Alvin Bragg te di repòtè yo « Lwa yo se menm pou tout moun, » « kèlkeswa moun ou ye a, » « nou pa ka fè move konduit grav tounen bagay nòmal ».