Accessibility links

Breaking News

Reaksyon Apre Ansyen Prezidan Donald Trump Plede Non Koupab


2023年4月4日美国前总统特朗普离开他所下榻的“特朗普大厦”,前往纽约曼哈顿刑事法院接受法官传讯。
2023年4月4日美国前总统特朗普离开他所下榻的“特朗普大厦”,前往纽约曼哈顿刑事法院接受法官传讯。

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump plede non koupab ayè madi a nan yon tribinal eta New York pou vyolasyon, kote yo akize li kòmkwa li fabrike fo dosye bisnis, sa ki agrave yon krim ke tribunal la pa presize – ke komisè gouvènman yo dekri kòm mwayen pou kache lajan li te peye yon aktris fim porno pou fè li fèmen bouch li e ede li genyen prezidans la an 2016.

Nan premye ka kote yon ansyen lidè Etazini enplike nan yon pwosè kriminèl, Komisè Gouvènman Manhattan Alvin Bragg prezante sa ki rele yon “deklarasyon sou sa ki te pase”, ki akonpaye akizasyon ofisyèl ki di ke Trump plizyè fwa te fabrike fo dosye sou biznis li nan New York pou kache aksyon kriminèl ki ta ka gate chans li pou elektè vote pou li nan eleksyon prezidansyèl 2016 la.

Pwosè sa a, tankou moun t ap atann, se yon sijè cho nan politik Etazini ki divize. Kanmarad Repibliken li yo,

menm sa yo ki vle antre nan kous kont Trump an 2024 pou nominasyon pati a nan eleksyon prezidansyèl la prese defann li. Apa de Gouvènè Florid la Ron DeSantis, gen ansyen anbasadè Etazini nan Nasyon Zini sou Trump Nikki Haley, Senatè Repibliken pou eta Kawolin di Sid Tim Scott, ak ansyen Sekretè Deta sou Trump, Mike Pompeo.

Demokrat yo pale nan lòt sans, tankou ansyen lidè Chanm Depite Nancy Pelosi ki ekri sou Twiter, « Pèsonn pa pi wo pase lalwa e tout moun gen dwa pwouve inosans yo. »

XS
SM
MD
LG