Accessibility links

Breaking News

Trump Plede Non-Koupab a 34 Akizasyon ki Lye ak Lajan Li Peye Anba Tab an Echanj pou Silans yon Dam


Ansyen Prezidan Donald Trump ak avoka li yo nan tribinal Manhattan nan kote li tande akizasyon lajistis lanse kont li, 4 Avril 2023.
Ansyen Prezidan Donald Trump ak avoka li yo nan tribinal Manhattan nan kote li tande akizasyon lajistis lanse kont li, 4 Avril 2023.

Ansyen Prezidan Etazini Donald Trump plede non koupab Madi devan yon tribinal leta nan Manhattan fas ak 34 akizasyon ki lye ak $130,000 li te peye aktris film porno Stormy Daniels anba tab an echanj pou silans li nan epok kote li tap postile pou prezidans la an 2016. Trump te swadizan gen yon relasyon seksyel ak mamzel 10 zan anvan sa.

Se premye fwa yon lide Ameriken - aktyel ou ansyen - janm fe fas ak akizasyon kriminel.

Trump demanti depi lontan, deklarasyon Daniels fe pou di yo te pase yon nuit ansanm, men li pa demanti ke ansyen avoka li, Michael Cohen te peye Daniels lajan, e ke li te ranbouse Cohen pou peman sa a. Rejis legal Oganizasyon Trump la te anrejistre peman sa yo. Trump konteste ke peman an te gen rapo ak kanpay li, sa gen 7 an desa.

Trump, ki gen 76 zan te dirije yon anpir imobilye e se souvan potre li te konn paret nan jounal yo kote yo te prezante li tankou yon neg ki rich e ki tap mennen yon bel vi.

Sepandan kounyea pou premye fwa misye ap paret devan piblik la nan vil natal li antanke akize. Pandansetan sondaj nasyonal yo montre se limenm kap mennen kous pou nominasyon a la prezidans pati Repibliken an nan moman lap eseye reprann kontwol fotey boure a.

Ameriken divize politikman vizavi Trump, ke yo gen abitid suiv nan televizyon. Men nan yon epok kote medya yo ak videyo ki anrejistre moman lavi li pibliye tout tan, yo pat gen chans we li an direk pandan odisyon li devan jij la.

Jij Kou Siprem Nouyok Juan Merchan te rejte deman medya yo te fe pou televize pwosesis legal la men li te pemet yon gwoup fotograf fe foto Trump ak lot moun nan tribinal la yon ti tan anvan odisyon an.


Dokiman legal yo pral rete sekre, donk pou kounyea nou pa konnen akizasyon ekgza lajistis lanse kont li ni ki prev yo sevi pou kore akizasyon sa yo.

XS
SM
MD
LG