Accessibility links

Breaking News

Avoka ki Ap Defann Donald Trump Pwomèt pou Moute yon Defans Solid Kont Akizasyon Yo


US Trump International React thumbnail
US Trump International React thumbnail

Avoka ki ap defann ansyen Prezidan Etazini Donald Trump pwomèt ayè dimanch la pou moute yon defans solid kont akizasyon ke li te peye 130-mil dola pou anpeche yon vedèt fim porno pale de yon relasyon yon nwit ke li te gen ak Trump, nan efò pou amelyore chans pou li te genyen eleksyon 2016 la.

Avoka defans Joe Tacopina di chèn televizyon CNN nan emisyon “Eta Inyon an” ke lajan pou peye aktris fim abult Stormy Daniels la sete yon “depans pèsonèl, pa yon depans kanpay.” Trump gen lontan depi li ap demanti akizasyon vedèt porno a ki di yo te gen yon afè men li rekonèt ke li te peye manmzèl anvan li te bat Demokrat Hillary Clinton nan eleksyon 2016 la.

Tacopina anvayi ak kesyon Komisè Gouvènman New York Alvin Bragg daprevwa li te pran yon gran jiri, jedi pase, pou akize Trump, e li di si Trump pa te kandida pou prezidan kounye a, tribunal “pa t ap lanse akizasyon sa a.”

XS
SM
MD
LG