Bilan Viktim Goudou-Goudou Tiki ak Siri Monte Nan 40,000

  • Serge Michel

A man sits on the rubble, in the aftermath of a deadly earthquake in Kahramanmaras, Turkey, Feb. 15, 2023.

Bilan moun ki mouri nan Tiki ak Siri akoz kokenn goudou-goudou semèn pase a moute rive depase 40,000.

Prezidan Tiki Recep Tayyip Erdogan di ayè madi a 35-mil moun mouri nan tranblemanntè 7.8 ki te souke vil Kahramanras 6 Fevriye a, sa ki fè li se goudou-goudou ki touye plis moun nan istwa Tiki.

8 jou apre sokous la, sekouris te kontinye ap fouye pou jwenn plis sivivan anba dekonm madi, e konsa yo te rale soti Muhammed Cafer Cetin ki gen 18 an, ak frè li ki gen 21 lane. Sekouris te rale yo anba debri yon bilding nan Kahramanras prèske 200 èd-tan apre soukous la. Yon lòt sovtaj mirakile te fèt nan vil Antakya, lè yo te sove yon pwofesè anba debri yon building apatman.

Soukous sa a, ke Prezidan Erdogan rele “dezas syèk la” detwi dè dizèn milye bilding e lakoz yon kantite egal lòt pa abitab. Otorite yo arete plizyè kontratè ki te bati yo e akize yo pou vyolasyon kont regleman konstriksyon nan Tiki.