Migran Venezyelyen yo Desi ak Nouvo Politik Imigrasyon Etazini an

Migran Venezyelyen ki espere tounen nan peyi yo, tann yon woulib pou ale nan ayewopo entenasyonal la, soti nan yon abri pwovizwa nan Panama City, Panama, 26 Oktob, 2022.

Plizye santèn migran Venezyelyen desi, yo gen men vid e yo bloke kounyea nan kapital Panama apre yo fin travese Pas Darien an ki danjre anpil pou yo eseye rive Ozetazini. Sepandan Etazini chanje politik li e li fèmen fwontyè li pou yo.

Nan yon depo ke gouvènman Panama konvèti an abri pou migran yo nan Panama Siti, Venezyelyen yo esplike kijan yo te devaste lè yo te aprann nouvèl la, apre yo fin travèse rak bwa ki separe Panama ak Kolonbi.

Johannas Bladidmir Hernandez se yon migran Venezyelyen:

"Apre nou fin travèse rak bwa a gen rak bwa beton an ki pi di e li tap pi bon si olye nou te depanse 3, 4 mil dola pou travese rak bwa a pou rive nan peyi sa yo, nou te ka depanse lajan sa a pou jwenn dokiman epi vwayaje osi legalman ke posib pou nou pa oblije pase trajè sa a."

Pi bonè mwa sa a, administrasyon Biden nan te anonse li tapral aksepte jiska 24 mil Venezyelyen nan ayewopo li yo, epi voye tounen lakay yo, sa yo kap chache antre Ozetazini depi fwontyè sidwès peyi a pataje ak Meksik.

Politik sa a fèmen pot la pou Venezyela kap chache azil Ozetazini. Anpil nan yo te wou pawol pou antre Ozetazini.

Gen 900 Venezyelyen ki tounen lakay yo abo vol charter depi Panama, depi Etazini anonse chanjman nan politik li, dapre Sevis Imigrasyon Nasyonal Panama a.

Direktè Sevis Imigrasyon Panama a, Samira Gozaine di migran yo kontinye vini, men chanjman li remake a se nasyonalite yo.

" Apre anons lan te gen yon gwo bès, te gen yon jou kote 900 moun te vini. Donk sete yon bès. Nou pa konnen si bagay yo ap rete konsa, men sa ki chanje se nasyonalite yo, anvan sete Venezyelyen ki tap rive an mas, kounyea se Ekwatoryen kap vini an mas."

Jorge Lizcano, gen 31 an li kite Tachia ak yon gwoup 17 moun, pami yo frè li, yon kouzen ak yon zanmi. Se le yo rive nan kan Panama a ke yo aprann nouvèl chanjman politik la.

"Nou te kontan le nou te limen telefon nou pou voye tèks bay fanmi nou pou di yo nou a mwatye chimen e nou prèske soti nan rak bwa a epi mesaj ki di fwontyè a fèmen te rive e nan moman sa a tout bagay kraze, rèv nou ak dezi nou pou rive Etazini te kraze."

Evantyèlman gwoup la te rive nan abri a nan Panama ke konsila Venezyela a ap jere. Lizcano tap tann yon vol imanitè pou tounen paske li pat gen ase lajan pou achte yon biyè.

Gouvènman Venezyela ap chache 280 dola Ameriken pou chak biye avyon, dapre migran ki pale ak AP nan abri a.

Jose Gregorio Baes Guerrero gen 24 an e li di li tap travèse Nikaragwa le li tande nouvèl la - li te kontinye jis tan li rive sou fwontyè Guatemala anvan li bay le gen.

"Nou fè fwayaj la epi apre sa nou aprann reyalite tris ke yo fèmen fwontyè a. Mwen te rive jis Guatemala, men m'pat al pi lwen paske sete yon gaspiyaj lajan apre nouvèl sa a, donk mwen te deside kase tèt tounen epi chache yon vol avyon pou tounen lakay mwen."

Politik Ameriken an chanje akoz pakèt moun Venezyela ki tap rive sou fwontyè a. An Septanm ajan gad fwontye yo te rapote prèske 34 mil Venezelyen te rive sou fwontyè a.