Nasyon Zini: Vyolans Seksyèl, Trafik Moun ap Ogmante nan Ikrèn Akoz Lagè a

ស្ត្រីម្នាក់ពរកូនកំពុងឡើងរថយន្តមួយ ដើម្បីភៀសខ្លួនចេញពីទីក្រុង Kramatorsk ប្រទេសអ៊ុយក្រែន ថ្ងៃសៅរ៍ ទី ៩ ខែមេសា ឆ្នាំ ២០២២។

Nasyonzini fè konnen lendi ke fanm ak timoun ikrenyen yo twouve yo anba gwo risk pou yo viktim vyolans seksyèl, vyòl ak trafik nan moman plis nouvèl ap rapòte move zak sa yo. Sima Bahous, direktris egzekitif l’ONU-FANM, deklare:

“Fok gen ankèt endepandan ki fèt sou nouvel sa yo dekwa pou jistis fèt sou sa epi pou responsab yo peye pou zak yo. Konbinezon deplasman moun pa bann e pa pakèt, ak gwo prezans bandi ak mèsenè, mete sou britalite sivil ikrenyen yo ap sibi, tou sa soulve gwo dout sou kesyon.”

Sima Bahous, ki fèk fin fè yon vizit nan Moldavi, ajoute risk pou trafik moun fèt ap ogmante tou nan moman moun yo ap vin plis dezespere pou yo kouri kite lagè a nan Ikrèn. Li fini pa di:

“Jenn fanm yo ak jennfi ki poko gen 20 tan e ki pa gen paran avèk yo, se gwoup sa a ki anba pi gwo risk la. Mwen lanse apèl bay peyi yo pou yo ogmante efò yo pou yo konbat trafik moun, e mwen felisite tout peyi ki resevwa refijye ikrenyen lakay yo pou kolaborasyon yo ak patisipasyon yo nan efò pou evite trafik moun.”