Biden Pale Jodi a ak Zelensky

Joe Biden and Volodymir Zelensky

Prezidan Ameriken an Joe Biden te pale jodi Mèkredi a ak tokay Ikrenyen li Volodymyr Zelenskyy.

Biden, ki te rankontre ak Minis Etranje ak Defans Ikrèn lan semèn pase a nan Polòy, te gen yon chita pale preske chak semèn ak Zelenskyy depi kòmansman envazyon Larisi a nan Ikrèn.

Chita pale Mèkredi a vini apre Moskou pa montre okenn siy sou plan militè li yo ak entansyon pou chèche chimen diplomatik.

Kremlin an te estime ke pa t gen okenn "pwogrè" nan negosyasyon yo ki tap fèt nan Istanbul.

Otorite Ikrenyen nan Mèkredi akize Larisi kòmkwa te bonbade yon sant Lakwa Wouj nan Mariupol ak vil Cherniguiv.