Accessibility links

Breaking News

Responsab Entelijans Etazini di Putin ap Resevwa Move Enfòmasyon sou Pèfòmans Twoup li yo nan Ikrèn


Foto Achiv: Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.
Foto Achiv: Prezidan Ris la Vladimir Putin pwononse yon diskou nasyonal Lendi 21 Fevriye, 2022.

Responsab Ransèyman Ameriken yo detèmine ke Prezidan Ris la Vladimir Putin ap resevwa move enfomasyon nan men konseye li yo sou pèfomans twoup Ris yo nan Ikrèn, dapre sa yon responsab Ameriken.

Responsab sa a, ki pale sou kondisyon anonimite Mèkredi pou'l te diskite sou vèsyon deklasifye (ki pa sekrè) sou sa ajans ransèyman an jwenn, di ke Putin santi lame Ris la pa ba li bon enfomasyon e kounyea gen tansyon tout tan ant limenm ak responsab defans wo plase Ris yo.

Responsab la pa bay detay sou prèv yo ta genyen, ni kijan ajans ransèyman Etazini an tire konklizyon sa a.

Sepandan kominote entelijans la detèmine ke Putin pat o kouran ke lame li a tap pèdi konskripsyon nan Ikrèn. Yo detèmine tou ke Putin pa konplètman o kouran dega sanksyon ekonomik Etazini ak alye yo ap fè sou ekonomi La Risi.

Rezilta yo montre yon "veritab echèk echanj enfomasyon ki korèk" ant lame a ak Putin, epi montre ke konseye wo plase Putin yo "pè di'l la verite" responsab la di.

XS
SM
MD
LG