Accessibility links

Breaking News

Bilan Refije Ikrenyen yo Depase Estimasyon pou Senaryo Pi Grav la


Diana Konstantynova, 45 an, yon kontab ki se moun Vinnytsia, Ikren apre yon entevyou ak Associated Press nan yon sant refije nan Brasov, Woumani, Mekredi 30 Mas, 2022.
Diana Konstantynova, 45 an, yon kontab ki se moun Vinnytsia, Ikren apre yon entevyou ak Associated Press nan yon sant refije nan Brasov, Woumani, Mekredi 30 Mas, 2022.

Ajans Nasyonzini pou Refije yo di gen plis pase 4 milyon refije ki kouri kite Ikrèn depi twoup Ris yo anvayi peyi a.

Kantite moun yo rapote Mèkredi depase prediksyon pou senaryo pi grav yo te fè nan komansman lagè a.

Ajans la anonse bilan sa a ke li dekri tankou pi gwo kriz refije Ewop janm konstate depi fen Dezyèm Gè Mondyal la. Pandansetan batay ap kontinye nan vil Ikrenyèn yo kote Moskou te pwomèt pou'l ralandi operasyon militè li yo.

Plizyè refije sou frontyè Ploy ak Ikrèn di Associated Press yo pa wè okenn rezon pou fè La Risi konfyans.

Gen lot ajans LONU ki estime mwatye refije yo se timoun e ke lagè a lakoz 6,5 milyon moun swa pèdi, swa kite kay yo nan Ikrèn.

XS
SM
MD
LG