Accessibility links

Breaking News

Afrik: Fòs Lame Zimbabwe a Demanti Rimè Kou Deta Kont Pouvwa Prezidan Mugabe a


Sòlda zibabweyen ki kanpe akote machin blende yo nan vil Harare, Zimbabwe, 14 novanm 2017.
Sòlda zibabweyen ki kanpe akote machin blende yo nan vil Harare, Zimbabwe, 14 novanm 2017.

Lame Zimbabwe, fè konnen jounen mèkredi 15 novanm 2017 la yo pa gen entansyon fè yon kou-deta kont pouvwa an plas la e ke Prezidan Robert Mugabe ak fanmi li an sekirite. Madi 14 novanm bonè nan maten, kèk temwen te fè konnen yo wè plizyè cha-de-gè nan lari kap pran direksyon kapital la sa ki ta sanble aktivite yon kou-deta yon jou apre kòmandan lame a te deklare li prè pou l mete fen nan kanpay chas gouvènman an ap fè kont patizan opozisyon an, dapre ajans Reuters.

Cha blende kap kouri nan vil Harare, Zimbabwe, 14 novanm 2017 la. (Twitter/Jupiter Punungwe‏)
Cha blende kap kouri nan vil Harare, Zimbabwe, 14 novanm 2017 la. (Twitter/Jupiter Punungwe‏)

Kòmandan lame Zimbabwe a, Constantino Chiwenga, pandan yon rankont ak laprès lendi 13 novanm 2017 la kritike enstabilite li di ki genyen nan mitan patizan pati o pouvwa a kote Prezidan peyi a Robert Mugabe revoke vis prezidan li a, Emmerson Mnangagwa.

Kòmandan lame Zimbabwe a, Constantino Chiwenga
Kòmandan lame Zimbabwe a, Constantino Chiwenga

Yon temwen di li te wè 2 lòt cha-de-gè estasyone toupre wout prensipal ki lye Harare ak Chinihoyi a, apeprè 20 kilomèt ak anba lavil la. Yon nan cha-de-gè yo te met tèt li sou direksyon kapital la.

Bonè madi 14 novanm 2017 la, pati pwòch pouvwa a, ki rele The Youth Wing of Zimbabwe a swa Zèl Jèn Zimbabwe yo, repwoche chèf lame a dèske li vle pase konstitisyon peyi a anba pye lèl di li prè pou l entèvni pou mete lòd nan dezòd akoz kriz Zimbabwe twouve l li jounen jodi a apre revokasyon Vis prezidan Mnangagwa semèn pase a.

Ansyen vis prezidan Mnangagwa ki gen 75 zan sou tèt li se yon ansyen konbatan nan lagè pou liberasyon Zimbabwe a depi nan ane 70 yo. Yo te konsidere li kòm moun ki ta kapab ranplase Prezidan Mugabe avan li te pèdi djòb li kòm vis-prezidan.

XS
SM
MD
LG