Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Franse Voye Jete Pwosè Kriminèl Moun Zile Matinik ak Gwadloup sou Itilizasyon yon Pestisid


Foto Achiv: Avoka Harry Durimel ( a dwat) kanpe bo kote yon militan ki kenbe yon pankat ki di an Franse "Non a pwazon Chlordecone" nan Gwadloup, 18 Nov. 2017.
Foto Achiv: Avoka Harry Durimel ( a dwat) kanpe bo kote yon militan ki kenbe yon pankat ki di an Franse "Non a pwazon Chlordecone" nan Gwadloup, 18 Nov. 2017.

Yon batay Legal ki dire prèske 20 an e ki te vize kenbe gouvènman Franse a responsab pou itilizasyon kriminèl yon pestisid entèdi nan zile Matinik ak Gwadloup sibi yon gwo kou.

Yon tribinal nan vil Paris voye jete pwosè a. Jij yo te dako ke itilizasyon "chlordecone" sou plantasyon bannan te reprezante yon skandal sante piblik epi yon "atak anvironmantal ki te gen konsekans imen, ekonomik ak sosyal." Jij yo dako tou ke konsekans yo pral kontinye afekte moun zile sa yo pandan anil lane.

Sepandan, yo di li two difisil kounyea pou detèmine kiyès ki gen responsabilite pou krim nan.

Yon lot tribinal Franse te dako ane pase a ke moun zile a te soufri move konsekans men yo te refize akode yo okenn konpansasyon.

Militan kap defann moun zile yo di yo pral ann apèl kont desizyon an.

XS
SM
MD
LG