Accessibility links

Breaking News

Yon Tribinal Federal Jwenn Kolonèl Retrete Ameriken Dorijin Ayisyen, Dr. Joseph Baptiste, Koupab pou Koripsyon


Dr. Joseph Baptiste, Kolonèl Retrete Ameriken Dorijin Ayisyen. Yo konnen nan kominote ayisyèn nan kòm yon dantis profesyonèl
Dr. Joseph Baptiste, Kolonèl Retrete Ameriken Dorijin Ayisyen. Yo konnen nan kominote ayisyèn nan kòm yon dantis profesyonèl

Yon jiri federal nan vil Boston eta Massachussets kondane kolonèl retrete lame amerikèn Doktè Joseph Baptiste, k ap viv nan Maryland ak envestisè Roger Richard Boncy yon sitwayen ayisyen/ameriken k ap viv an Espay anba akizasyon konplo pou bay plizyè ofisyèl wo plase ayisyen kout lajan anba tab an echanj pou yon pwojè konstrikson yon pò ak lòt enfrastrikti pou plizyè milya dola nan Mole Saint Nicolas ann Ayiti.

Tribinal la repwoche, Dr.Joseph Baptiste, 64, ak Roger Richard Boncy, 74, yon pou vyolasyon Lwa sou Vwayaj ak Lwa sou Pratik Koripsyon Etranje. Li jwenn Dr. Baptiste koupab pou vyolasyon lwa sou vwayaj ak blanchiman lajan.

Jij Allison D. Burroughs nan Tribinal Distrik Ameriken an pwograme pou pwononse santans lan nan dat 12 septanm 2019. Tribinal la kapab kondane yo pou pase ant 5 a 20an prizon epi peye yon amand 250 mil a 500 mil dola pou akizasyon koripsyon ak blanchiman lajan dapre lwa Etazini.

XS
SM
MD
LG