Ajans Nouvèl Associated Press pibliye depi Boston yon depèch ki fè konnen prokirè federal yo akize dantis ayisyen, Joseph Baptiste, dèske li mele nan konplo pou ofri lajan anba-tab bay otorite nan gouvènman ayisyen an nan kad yon pwojè devlopman pò ann Ayiti ki koute anviwon 84 milyon dola. Mesye Baptiste ki gen 64 tran se yon kolonèl-retrete nan lame amerikèn. Akize a te genyen pou l konparèt madi 29 Out 2017 la nan aprè-midi devan yon tribinal federal nan eta Maryland kote li abite.
Daprè depèch la, avoka kap defan doktè Baptiste la pat repon mesaj yo kite sou bwat-vokal telefòn li.
Pwokirè federal ameriken yo fè konnen Mesye Baptiste te mande yon moun ki te pran-pòz li se yon potansyèl envestisè pou ba li lajan anba-tab pou ede l jwen kontra nan pwojè enfrastrikti yo ann Ayiti. Daprè pwokirè yo, Mesye Baptiste te resevwa 50 mil dola ameriken nan men moun sa a ki te fè tèt li pase pou yon envistisè, alòske moun sa a se te yon ajan FBI (Biwo Federal Envestigasyon). Pwokirè yo di Doktè Baptiste te itilize sòm lajan sa a pou defans pèsonèl li.