Accessibility links

Breaking News

Yon Rankont 2 Jou Sou Libi


Yon Rankont 2 Jou Sou Libi
Yon Rankont 2 Jou Sou Libi

Minis afè etranjè peyi manm l’OTAN yo ap rankontre nan vil Berlen, ann Almay, pou yo pale de misyon militè yo nan Libi, nan moman konbatan rebèl yo nan peyi sa a ap lanse apèl pou yo mande plis apui ayeryen nan men alyans la.

Sekretè-deta ameriken an, Hillary Clinton, twouve l ak kòlèg li yo nan l’OTAN pou rankont sa a k ap kòmanse jedi 14 avril 2011 la e k ap dire 2 jou.

Manm alyans la poko ka antann yo sou kesyon pou konnen èske yo dwe ranfòse kanpay bonbandman y ap lanse kont twoup ki fidèl ak rejim Kolonèl Kadhafi a.

La Grand Bretay ak Lafrans mande pou alye yo patisipe plis nan operasyon militè a, tandiske Lèzetazini ap eseye limite wòl pa l.

XS
SM
MD
LG