Accessibility links

Breaking News

Yon Otaj Fransè Pedi Lavi l Nan Men Konbatan Al Kaida


Prezidan fransè a, Nicolas Sarkozy, konfime nouvèl ki fè konnen yon otaj fransè pèdi lavi l anba men konbatan yon branch rezo al Kaida k ap opere nan pati nò Lafrik.

Non viktim nan se Michel Germaneau, musye t ap travay kòm yon kowoperan lè yo te kidnape l. Prezidan Sarkozi –ki abòde dosye a len di 26 jiyè a nan yon mesaj ki pase sou televizyon pale pou l di li konsidere asasina sa a kòm yon « aksyon sovaj ».

Nan yon anrejistreman kasèt ki pase dimanch 25 jiyè a sou antèn chén televizyon arab al Jezeera, yon nèg ki idantifye tèt li kòm lidè branch al Kaida nan rejyon Magrèb Islamik la (donk peyi arab ki an Afrik di nò yo), fè konnen misye Germaneau pèdi lavi li kòm yon aksyon revanj pou lanmò 6 manm al Kaida semèn pase a nan peyi Mali.

XS
SM
MD
LG