Minis finans peyi manm Zòn Ewò a apwouve yon nouvo pwogram sovtaj ekonomik pou peyi Lagrès ki monte rive 130 milya ewo, aprè yo te pase plis pase 13 zèdtan ap negosye nan vil Brisèl, nan peyi Bèljik.
Pwogram sovtaj sa a pral redui dèt gouvènman grèk la ki te nan nivo 160 pou san pwodui nasyonal bri peyi a, pou desann li rive, vè l an 2 mil 20, anviwon 120 pou san PNB a –swa nivo maksimòm yon peyi kapab soutni, daprè kalkil Fon Monetè Entènasyonal.
Minis finans yo rive jwenn antant sa a byen bonè madi 21 fevriye 2012 la aprè konpayi prive ki prete Lagrès lajan te mete yo dakò pou yo aksepte yon pèt global 53,5 pou san sou valè bon yo genyen nan men yo pou kòb peyi a dwe yo.
Mario Draghi, prezidan Bank Santral Ewopeyèn nan, te patisipe nan negosyasyon yo. Li fè deklarasyon sa a:
“Se yon trè bon akò. Avan tout bagay, nou byen apresye angajman gouvènman grèk la pran pou l pase alaksyon pou l retabli kwasans ak estabilite ekonomik nan peyi a. Se konsa tou nou apresye angajman peyi-manm Zòn Ewo a pran pou yo kontinye ede Lagrès retounen sou wout kwasans ak kreyasyon travay la.”
Nan kad akò minis finans Zòn Ewo a jwenn pou ede ekonomi grèk la rekanpe sou 2 pye l la, kreyansye yo pral elimine yon afè de 130 milya ewo sou lajan peyi a dwe yo. Konsa Lagrès pa p tounen yon move pèyè lè lè a va rive pou l peye bon gouvènman an mwa pwochen an. Premye minis grèk la, Lucas Papademos, reyaji pou l di :
"Nou pral fè sa nou dwe fè a --sètadi, aplike pwogram nan yon fason disipline e efikas. Se sa egzateman gouvènman nou an pran angajman pou l fè ; e mwen gen konviksyon, aprè eleksyon yo, gouvènman an pral kenbe angajman li pran pou l aplike pwogram nan totalman e nan kad delè li genyen pou l fè sa, paske se yon bagay ki nan enterè pèp grèk la."
Pou minis finans Zòn ewo a te apwouve pwogram sovtaj ekonomik sa a pou Lagrès, gouvènman peyi a te gen pou l aksepte mete an aplikasyon kèk mezi mare-senti ki pa popilè –pami yo genyen yon rediksyon 22 pou san nan salè minimòm nan, epi eliminasyon yon afè de 15 mil travay nan administrasyon piblik la.