Accessibility links

Breaking News

Yon Milyonè Popilis Pral Fè Fas ak yon Ex-Rebèl nan Dezyèm Tou Eleksyon Prezidansyèl Kolonbi


Rodolfo Hernandez, kandida a la prezidans Lig Gouvene Anti-Kowipsyon an, kite yon biwo'd vot apre li finn vote nan eleksyon prezidansyel la depi Bucaramanga, Kolonbi, Dimanch 29 Me, 2022.
Rodolfo Hernandez, kandida a la prezidans Lig Gouvene Anti-Kowipsyon an, kite yon biwo'd vot apre li finn vote nan eleksyon prezidansyel la depi Bucaramanga, Kolonbi, Dimanch 29 Me, 2022.

Senatè gochis Gustavo Petro selebre viktwa li ranpote nan premye tou eleksyon prezidansyèl Kolonbi menm jan pi fo politisyen ta fèl: li te byen nan yon nwaj konfeti devan plizyè santèn patizan ki tap bat bravo ak kè kontan.

Nèg ki pral fè konpetisyon avè'l nan dezyèm tou a 19 Jyen te gen yon apwoch diferan limenm. Rodolfo Hernandez te chita bo tab kwizin ni lakay li pou'l pale ak patizan li yo pandan kèk minit nan yon LIVE sou Facebook.

Popilis la, ki gen 77 an te pwofite degou sitwayen yo ak kondisyon peyi a pou'l pase devan kandida konvansyonèl yo. Kounyea misye nan yon posizyon pou'l defye Petro - ki limenm konsidere tèt li depi lontan tankou yon rebèl politik. Misye tap premye prezidan gochis peyi Kolonbi si li eli.

XS
SM
MD
LG