Oryantasyon diskisyon yo, jann yo dewoule nan sena peyi a madi 18 janvye 2022 a, aplike sa kek analis lokal konsidere kom yon veritab defèt pou pwop pati demokrat la ak Prezidan Joe Biden nan moman 2 senatè - demokrat rekalsitran refize apiye kek chanjman nan règleman yo ki ta kapab anpeche Repibliken yo itilize teknik “fu-libus-ter” a, pou yo bloke tout vòt yo sou kesyon Senatè Demokrat Kyrs-tenn Sinema- (Eta Arizona) ak kòlèg demokrat li -Joe Man-chinn (Eta Vijini Oksidantal), resevwa anpil kritik bò kote lide nwa-ameriken yo -ak oganizasyon defans dwa sivik yo, paske yo derefize vote -- pou elimine sitem kote, si yon pati pa vle yon lejislasyon pase nan youn nan 2 cham yo, yo kapab pran lapawol pandan deba yo, epi yo ka pale san rete pou yo anpeche yon vòt, menmsi yo gen anyen serye pou yo di.
Lide majoriite a nan Sena a, Chuck Schumer (yon Demokrat Etta NY), rekonèt gwo posiblite pou pwopozisyon-lwa a tonbe nan gran Kò a. Li fè konnen batay la poko fini, nan moman li lanse yon apèl ijan bay patizan lejislasyon an pou l mande yo vote sou dosye a epi pou Kongrè a. mete piblik kijan chak palmantè te vote.
Lejislasyon sou dwa pou moun vote la se youn nan priyorite nan ajanda Demokrat yo pandan yo tap mennen kanpay nan dènye eleksyon yo; Se avek gwo sezisman Depite Demokrat yo wè pwopozisyon-lwa a bloke nan Sena a.