Lidè nan le mond antye reyini nan vil Lond pou yon konferans k ap dire yon jou avèk objektif pou kowòdone yon repons pou enstabilite ki genyen nan peyi Somali a.
Premye minis britanik la, David Cameron, deklare objektif rankont sa a se pa pou enpoze solisyon entènasyonal sou Somali. Men li deklare le mond pral peye yon pri, si li pa reyisi ede nasyon nan kòn Afrik la rekanpe sou pye l aprè vyolans, faminn ak povrete.
Sekretè deta Etazini an, Hillary Clinton, di nan konferans la ke Somali nan yon pwen kritik. Li ajoute le mond dwe ede Somali etabli yon gouvènman stab e kenbe presyon an sou rebèl gwoup al-Shabab yo ki gen lyen al-Qaida.