Grand Bretay nonmen premye anbasadè li depi plis pase yon dizèn lane pou peyi Somali ke lagè ap ravaje.
Anons la fèt pandan Minis Afè Etranjè britanik la, William Hague, te fè yon vizit istorik nan peyi sa a ki nan Kòn Afrik la, kote li te pale ak jounalis apre yon reyinyon ak Prezidan Sheikh Sharif Ahmed.
Matt Baugh pwal sèvi kòm nouvo anvwaye wo plase nan Somali. Men otorite britanik yo fè konnen li pwal tabli baz li nan peyi vwazen Kenya jiskaske kondisyon sekirite yo pèmèt konstriksyon yon anbasad nan kapital Somali a, Mogadisio.
Msye Hague deklare nominasyon an se yon siy ke Grand Bretay vle pran ‘’angajman pou lontan nan Somali’’.