Accessibility links

Breaking News

Yon Kandida Nwa Trump Apiye Pral Fè Fas ak Gouvènè Demokrat Kentucky a Andy Beshear an Novanm


Minis Justis Kentucky Daniel Cameron pale ak patizan yo apre viktwa li nan eleksyon prime pati Repibliken an nan Louisville, Madi 16 Me, 2023.

Minis Jistis Daniel Cameron ranpote eleksyon primè pati Repibliken an pou pos gouvènè eta Kentucky, e li pral fè fas ak Gouvènè Demokrat Andy Beshear nan mwad Novanm nan.

Ansyen Prezidan Donald Trump apiye Cameron. Misye soti premye nan yon gwoup 12 kandida - pami yo ansyen anbasadè Nasyonzini Kelly Craft epi Komisè Agrikilti Ryan Quarles.

Cameron ta premye gouvènè mwa eta Kentucky si li elu.

Kounyea je tout moun brake sou kous elektoral mwad Novanm nan, kote Beshear pral oblije redi pou l re-elu nan pos li, nan eta sa a ke Repibliken yo dominen.

Eleksyon an pral teste popilarite gouvènè Demokrat la ke anpil moun renmen akoz fason li konsole popilasyon an lè eta a ak peyi a ap fè fas ak pwoblèm.

XS
SM
MD
LG