Accessibility links

Breaking News

Yon Jij Federal nan Florid Ranvwaye Odisyon Jaar pou 6 Jiyè


Rodolphe Jaar, youn nan akize nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise.
Rodolphe Jaar, youn nan akize nan asasina Prezidan Ayisyen Jovenel Moise.

Yon jij federal nan Miami akòde demann avoka Rodolphe Jaar, yon Ayisyen la jistis Amerikèn akize an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la, pou ranvwaye pwochen odisyon ni pou 6 Jiyè.

Dokiman legal VOA Kreyòl wè pa endike poukisa Jaar mande pou ranvwaye pwosesis legal la men avoka gouvènman Ameriken an, Andrea Goldbarg pat opoze demann nan.

Dapre dosye tribinal la pwochen odisyon an se va pou prezantasyon akizasyon ofisyèl la kote misye va plede koupab oubyen non koupab.

Dènye fwa avoka Jaar la, Frank Schwartz te mande pou ranvwaye odisyon an li te di sete paske li te vle plis tan pou'l pale ak kliyan ni epi revize dokiman tribinal yo ki anpil. Li ajoute ka a konplike.

Nap raple ke Lajistis Ameriken akize Jaar deske li te founi sipo materyel pa rapò ak yon konplo ki te rezilte nan lanmò yo lide etanje epi deske li te patisipe nan yon konplo pou kidnape oubyen touye yon moun andeyò peyi Etazini.

Menm 2 akizasyon sa yo ap peze kont ex-milite kolonbyen Mario Antionio Palacios Palacios ki femen nan prizon nan Miami tou.

XS
SM
MD
LG