Accessibility links

Breaking News

La Jistis Jamayik Deside Kite Tonbe Pwosè Imigrasyon Ilegal Ex-Senatè Ayisyen John Joel Joseph la


ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik
ansyen senate Ayisyen John Joel Joseph anba kod nan la Jamayik

Dapre jounal Jamayiken The Gleaner, Direktè Pwosè Piblik peyi a kite tonbe pwosè li tap mennen kont ex-senatè Ayisyen John Joel Joseph pou imigrasyon ilegal. La Jistis prezante yon desizyon "nolle prosequi" yon tèm legal Laten kivledi li kite tonbe akizasyon an.

The Gleaner rapote ke Jij Lori-Anne Cole-Montague di senatè a pandan odyans la ke "sa pare chimen an pou yo fè aranjman pou ekstrade w Ozetazini."

Nap raple ke ansyen senatè a, ke la jistis Ayisyèn ap chache an koneksyon ak asasina Prezidan Jovenel Moise la, 7 Jiyè 2021, te bay konsantman'l nan mwad Mas la pou yo ekstrade'l Ozetazini. Sepandan, sa patka fèt toutotan la jistis Jamayik potko pran yon desizyon sou akizasyon imigrasyon ilegal la.

VOA Kreyòl mande Depatman Jistis Etazini si li ka konfime ke vreman vre la jistis Amerikèn pral ekstrade ex-senatè a. Yon responsab Depatman Jistis la reponn ke li pa vle fè komantè sou sa.

Ansyen palmantè Ayisyen an te jwenn arestasyon li nan la Jamayik nan mwad Janvye a ansanm ak madanm ni epi 2 pitit gason.

Etazini gen 2 sispèk nan prizon Miami ke li akize kòm konplis nan asasina Moise la. Yo se: biznisman Ayisyen Rodolphe Jaar, epi ex-solda Kolonbyen Mario Antonio Palacios Palacios.

La Tiki bò kote pa li kenbe nan prizon biznisman Ayisyen Samir Handal, ke li te arete pandan yon eskal nan Istanbul, nan wout pou'l t'al nan La Siri. La jistis Ayisyen ap chache misye tou an koneksyon ak asasina Moise la.

XS
SM
MD
LG