Accessibility links

Breaking News

Yon Gason ak Perik Badijonnen Vit ki Pwoteje Tablo Mona Lisa a ak Gato


Yon gad sekirite netwaye krem gato ki kouvri vit tablo Mona Lisa a nan mize Louvre la nan vil Paris an Frans, 29 Me, 2022.
Yon gad sekirite netwaye krem gato ki kouvri vit tablo Mona Lisa a nan mize Louvre la nan vil Paris an Frans, 29 Me, 2022.

Yon gason ki degize tankou yon granmoun fanm ki tap sikile nan yon chèz woulant voye yon mosso gato sou vit ki pwoteje tablo Mona Lisa a nan mize Louvre la nan peyi la Frans. Apre sa misye rele byen fò "Reflechi sou Planèt Tè a."

Otorite yo mete men sou misye, ki gen 36 zan e yo fèmen li nan yon sant pou moun fou. Apre sa yo te louvri yon ankèt pou detèmine ki dega ki fèt nan tablo sa a ki gen anpil enpòtans kiltirèl.

Videyo moun pibliye sou rezo sosyal yo montre mouche a ak yon perik nan tèt li epi wouj a lèv sou bouch li, nan moman lap rive sou chèz woulant la.

Pèson pa konnen kiyès misye ye. Yo te wè'l ap voye flè tou nan galri tablo mize a.

Gato misye voye a kite yon kras krèm blan sou vit ki pwoteje tablo renome atis-pent Leonardo da Vinci a men li pat andomaje. Jandam yo te netwaye krèm gato a apre sa.

XS
SM
MD
LG