Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon nan Irak fè 12 Mò


Yon Eksplozyon nan Irak fè 12 Mò
Yon Eksplozyon nan Irak fè 12 Mò

Otorite irakyen yo di yon kamikaz eklate yon machin pyeje nan vil Tikrit ; omwen 12 moun mouri e 15 lòt blese .

Eksplozyon sa a fèt devan yon enstalasyon ki gen plizyè palè ki te bati pandan rejim defen lidè irakyen Saddam Hussein.

Otorite yo di gen yon kolonèl lame ak plizyè sòlda ki pami moun ki mouri yo.

Atak sa a fèt aprè yon seri eksplozyon bonm kowòdone ki te fèt nan vil la vandredi pase e ki touye 21 moun pou pi piti.

Tikrit se kote Saddam Hussein te pran nesans e li sitiye sou yon distans 130 kilomèt o nò kapital la, Baghdad.

XS
SM
MD
LG