Depatman Deta Ameriken an fè konnen diplomat nan seksyon enterè ameriken ki nan La Avàn yo rankontre ak fanmi rès prizonye politik yo nan Kiba apre liberasyon yon gwoup prizonye sa pa gen lontan.
Pòtpawòl Depatman Deta Ameriken an P. J. Crowley di Etazini ap fè chita tande sa yo avèk espwa ke otorite kiben yo va libere tout lòt prizonye politik yo.
Sepandan Pòtpawòl P. J. Crowley ajoute, gwo kesyon ki rete poze a se pou konnen jis ki kote gouvènman kiben vle rive ak plan liberasyon li a e ak ki rapidite l ap fè sa.
Yon lòt kote, Kiba pase lòd pou yon biznisman chilyen ki gen rapò ak ansyen Prezidan Fidel Castro pou l konparèt devan yon tribinal pou koripsyon oubyen ap gen posibilite pou la jistis mete yon manda darè dèyè l.
Yon dekrè ki soti madi 20 jiyè 2010 la nan Jounal Leta di, Max Marambio genyen jiska 29 jiyè pou l pale ak otorite k ap mennen ankèt sou li pou fwòd.
Marambio te sèvi kòm gad-di-kò pou defen prezidan chilyen Salvador Allende ki te viktim anba yon kou deta an 1973. Apre kou sa a Marambio te pran egzil nan peyi Kiba kote li te vinn tounen bon zanmi Fidel Castro.