Accessibility links

Breaking News

Yon Atlèt Polonèz ak Madanm ni Akeyi Nesans Pitit yo


Atlet Olenpik Polonez Jolanta Ogar-Hill ak madanm ni, sineyas Espayol Britanik Chuchie Hill, lakay yo nan vil Palma de Mallorca, ann Espay, 10 Nov. 2021.
Atlet Olenpik Polonez Jolanta Ogar-Hill ak madanm ni, sineyas Espayol Britanik Chuchie Hill, lakay yo nan vil Palma de Mallorca, ann Espay, 10 Nov. 2021.

Lè atlèt olenpik Polonèz Jolanta Ogar-Hill ak madanm ni te deside fè pitit, yo te konnen yo patap ka leve pitit sa a nan Polòy.

Nan ane ki pase yo, politisyen zèl dwat ki kontwole pouvwa a ak lidè legliz yo nan peyi a - pi fò sitwayen yo se Katolik Women - te ogmante ostilite yo ak pawòl piman bouk yo kont omoseksyèl yo.

Kidonk Ogar-Hill ak madanm ni, ki se yon Espayòl-Britanik ki rele Chuchie Hill, te deside al viv pito nan Mallorca, nan peyi l'Espay.

Nan mwad Novanm nan pitit fi yo pran nesans, e yo pèmèt yon fotograf fè foto pandan youn nan moman pi entim lavi yo.

Pitit fi yo, Hunter gen yon non batèm. Se Nadzieja, ki vle di espa an Polonè. Paran li gen espwa ke yon jou Polòy va aksepte tout moun lakay li.

XS
SM
MD
LG