Accessibility links

Breaking News
Azi

Yahoo Deside Bay La Chinn Vag


Foto Achiv: Yon moun mache bo kote yon ekran ki gen logo Yahoo ak Alibaba sou li nan vil Peken, an Chinn.
Foto Achiv: Yon moun mache bo kote yon ekran ki gen logo Yahoo ak Alibaba sou li nan vil Peken, an Chinn.

Yahoo Inc. fè konnen lap rale ko li soti la Chinn. Konpayi teknoloji a site kom rezon "pakèt defi legal ki poze pou komès lap fè nan peyi sa a."

Yahoo pibliye yon deklarasyon Madi kote li di sèvis li yo pap disponib nan la Chinn apati 1 Novanm.

Yahoo se dezyèm gwo konpayi teknoloji Ameriken ki deside redui operasyon li nan la Chinn pandan semèn ki sot pase yo.

Mwa pase a, LinkedIn, yon platfom kote pwofesyonèl ka konekte youn ak lot ke Microsoft kreye, te fè konnen lap femen operasyon li an Chinn e ke lap ranplase l ak yon sit kote moun ka we djob ki disponib.

Otorite Chinwaz yo mete babouket sou plizyè rezo entènèt kap opere nan peyi a e yo mande tout konpayi kap fonksyone an Chinn pou yo kontwole mesaj ak mo kle ke li deziye kom sansib politikman oubyen pa apwopriye.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG