Accessibility links

Breaking News

Facebook Pat Fè Anyen Pou Jere Dezenfòmasyon sou Vaksen COVID-19 la


Foto Achiv: Oumie Nyassi montre yon videyo kap sikile sou entenet la ke yo konfime kom fo nouvel kont vaksen COVID-19 la.
Foto Achiv: Oumie Nyassi montre yon videyo kap sikile sou entenet la ke yo konfime kom fo nouvel kont vaksen COVID-19 la.

Nan sezon prentan ane pase a, nan moman kote dezenfòmasyon sou sekirite vaksen COVID-19 la tap minnen repons mondyal la fas ak pandemi a, chechè Facebook yo te jwenn ke yo te ka redui kantite fo nouvèl ki tap sikile sou rezo a.

Sepandan, malgre prèv ki te montre taktik sa a taka bay bon rezilta, Facebook te tann yon mwa pou'l aplike solisyon sa a nan yon moman kritik kote plizyè peyi t'ap lanse pwogram vaksinasyon yo.

Dokiman Facebook yo montre tou kijan komantè ki fèt sou mesaj moun pibliye sou rezo a te atire yon pakèt mesaj anti-vaksen.

Men lè yon lot chechè te sigjere pou yo anpeche moun fè komantè pou opoze vaksen yo, Facebook pat okipe sigjestyon an ditou.

Revelasyon sa a parèt nan dokiman yon ansyen anplwaye Facebook ki ap pale piblikman kont konpayi an kounyea pibliye.

Facebook di li fè "pwogrè konsiderab" pou'l diminye kantite mesaj anti-vaksen COVID-19 ki pibliye sou rezo a.

Facebook Forum

XS
SM
MD
LG