Accessibility links

Breaking News

Facebook Inc. Chanje Non li - Li Se Meta Kounyea pou Mete Aksan sou Plan 'Metaverse' li a


Ekran odinate PDG Facebook la, Mark Zuckerberg ki anonse nouvo non konpayi a, Meta, nan Sausalito, Kalifoni, 28 Oct. 2021.
Ekran odinate PDG Facebook la, Mark Zuckerberg ki anonse nouvo non konpayi a, Meta, nan Sausalito, Kalifoni, 28 Oct. 2021.

PDG Facebook la Mark Zuckerberg fè konnen konpayi a ap chanje non li. Li pral rele Meta kounyea. Misye di se yon jefò pou prezante vizyon li pou lavni ki se reyalite virtyèl.

Ekspè yo souliyen ke anons sa a sanble se yon tantativ pou chanje konvèsasyon kap fèt toupatou nan mond lan sou Facebook Papers - yon dokiman ki revele kijan Facebook swa pat okipe ditou oubyen li pat bay ase enpòtans a avètisman li te resevwa sou move konsekans, konsekans negatif e ki ka poze yon danje pou lavi moun toupatou nan mond land.

Zuckerberg ensiste ke "metaverse la" - setadi opinyon moun genyen sou entènèt la ap fèt nan 3 dimasyon - e ke sa reprezante pwochen orizon teknolojik pou l'humanite. Misye di li kwè yon milya moun nan mond lan taka branche sou li nan 10 zan.

Enfomasyon pou repotaj sa a soti nan Associated Press

XS
SM
MD
LG