Accessibility links

Breaking News

Xi Vizite Palè Saoudyen an pou Rankontre Manm Fanmi Wayal la


Prezidan Chinwa Xi Jinping, a goch, koute him nasyonal Lachin bo kote Prens Eritye Arabi Saoudit la, ki se Premye Minis peyi a tou, Mohammed bin Salman nan Riyadh, Arabi Saoudit, 8 Desanm 2022.
Prezidan Chinwa Xi Jinping, a goch, koute him nasyonal Lachin bo kote Prens Eritye Arabi Saoudit la, ki se Premye Minis peyi a tou, Mohammed bin Salman nan Riyadh, Arabi Saoudit, 8 Desanm 2022.

Lidè Chinwa a, Xi Jinping rankontre wa Arabi Saoudit la ak prens eritye a pandan yon vizit nan wayom nan.

Visit la Jedi gen kòm bi pou kore relasyon ant Lachin ak yon rejyon ki esansyèl pou li pa rapò ak bezwen enèji li genyen nan moman pwovizyon yo diminye akoz lagè Larisi ap mennen nan Ikrèn nan.

Xi rive nan Palè Al Yamama a nan Riyadh kote Prens Mohammed bin Salman te salye li. Bin Salman se pitit gason wa a ki agresif e ki pare pou dirije wayom nan ki chaje ak petwòl pandan plizyè dizèn lane nan lavni.

Xi te bay prens la lanmen nan moman gad donè ki te sou chwal te pote drapo Saoudyen ak Chinwa yo.

XS
SM
MD
LG