Accessibility links

Breaking News

Prezidan Chinwa Xi Rive Arabi Saoudit


China Saudi Arabia
China Saudi Arabia

Prezidan Chinwa a Xi Jinping rive nan vil Riyad, kapital Arabi Saoudit Mèkredi pou reyinyon ak lidè Arab yo, dapre sa CCTV ki se televizyon leta Chinwa rapòte.

Vizit twa jou sa se twazyèm vwayaj Xi fè aletranje depi pandemi COVID-19 la te kòmanse an 2020.

Minis Zafè Etranje Arabi Saoudit la, Prens Faisal bin Farhan ak Gouvènè Riyad, Prens Faisal bin Bandar te pami moun ki te akeyi Xi nan ayewopò.

Lachin se pi gwo kliyan Arabi Saoudit nan dosye gaz, e tou 2 peyi yo ap travay pou elaji relasyon yo nan yon moman gen gwo boulvèsman ekonomik nan mond nan.

XS
SM
MD
LG