Accessibility links

Breaking News

Nan Peyi Woumani, Pèp la Kontinye Ap Manifeste Malgre Gouvènman an Revoke Dekrè ki pa te Bay Lajistis Dwa pou Pousuiv Politisyen pou Koripsyon


Plizyè milye moun itilize limyè nan telefòn selilè yo pou yo manifeste kont koripsyon devan biwo gouvènman an nan Bucharest, Woumani, dimanch 5 fevriye 2017. Foto: (AP Photo/Andreea Alexandru)
Plizyè milye moun itilize limyè nan telefòn selilè yo pou yo manifeste kont koripsyon devan biwo gouvènman an nan Bucharest, Woumani, dimanch 5 fevriye 2017. Foto: (AP Photo/Andreea Alexandru)

Minis Jistis peyi Woumani anonse nan dat 6 fevrieye 2017 la li pral pibliye detay sou yon nouvo kòd kriminèl. Minis la fè anons sa a yon jou apre gouvènman Sosyal Demokrat Woumani an te rantre yon dekrè Ministeryèl ki bay pwoblèm. Gouvènman an te pran dekrè sa a pou anpeche tribinal pouswiv politisyen pou kòripsyon.

Premye Minis Sorin Grindeanu pran aksyon sa a fas ak yon kokenn manifestasyon ki bloke Plas LaViktwa nan Bukarès, kapital peyi a, pou yon 6èm nwit pwotestasyon. Anpil moun wè rasanbleman sa a kòm pi gwo manifestasyon kont gouvènman an depi 1989, lè diktatè kominis Nicolae Ceauescu te pèdi pouvwa a.

Plizyè santèn milye manifestan te kontinye rasanble sou plas la byen ta nan lannwit la, malgre gouvènman an te anile dekrè ki soulve pawòl anpil la.

XS
SM
MD
LG