Accessibility links

Breaking News

Wayòm Ini Anonse "Bòykòt Diplomatik" Je Olenpik Peken yo


Des personnes portant des masques faciaux passent devant une affiche faisant la promotion des Jeux olympiques d'hiver de 2022 qui dit "Continuer l'esprit sportif chinois, promouvoir l'esprit sportif" à Pékin, le mercredi 8 décembre 2021.
Des personnes portant des masques faciaux passent devant une affiche faisant la promotion des Jeux olympiques d'hiver de 2022 qui dit "Continuer l'esprit sportif chinois, promouvoir l'esprit sportif" à Pékin, le mercredi 8 décembre 2021.

Premye Minis Britanik la, Boris Johnson, anonse nan yon "bòykòt diplomatik" nan je olenpik ivè yo nan Peken, li pap kite okenn minis" nan gouvènman li a patisipe

Etazini ak Ostrali deja anonse nan kòmansman mwa Desanm nan ke yap bòykòte jez olenkpik yo nan Peken ki ap kòmanse 4 fevriye 2022.

Nan palman Britanik la Boris Johnson te di "Gouvènman li a ap fè yon bòykot diplomatik nan Je Olenpik ivè yo nan Peken".

Devan depute yo, chèf gouvènman konsèvatè a te ensiste pou di ke Lond soulve ak Peken pwoblèm mank respè dwa moun nan, an patikilye tretman minorite Mizilman Uyghur la.

Pékin affirme kan pou moun sa yo se sant fomasyon pwofesyonel ki gen kom bi pou ekate pasyonè yo ak pwosesis radikalizasyon an.

Peken fache ak desizyon sila ke Etazini te pran an, Ostrali tou te deside fè menm jan an. Diplomasi Chinwaz la di ke " sa pa gade okenn moun si Ostrali deside pa voye ofisyel li yo".

Dapre òganizasyon dwa moun yo, gen omwen yon milyon Uyghur ak lòt minorite ki pale Tik, sitou Mizilman, yo te kenbe nan yon kan nan zon ki rele Xinjiang nan.

XS
SM
MD
LG