Nan Pakistan, otorite yo fè konnen militan tonbe nan lese-frape ak fòs gouvènmantal yo nan rejyon nòdwès peyi a, kote sitiyasyon an chaje ak tansyon. Bilan: Omwen 10 sòlda ak 23 militan pèdi lavi yo.
Konfwontasyon sa a, ki dewoule byen bonè vandredi 2 mas 2012 la, rive nan Vale Tira a, nan komin Khuber, kote kèk tribi abite, tou prè fwontyè peyi a ak Afganistan, yon zòn fwontyè kote moun antre-sòti san pwoblèm.
Se konsa militan yo pwofite pou yo enstale baz yo nan rejyon an.