Premye minis ris la, Vladimir Putin defann rezilta eleksyon palmantè ki sot dewoule nan peyi a e li rejte bri k ap kouri kòmkwa te gen fwòd nan vòt la.
Pandan mesye Putin t ap pale nan yon sesyon Lib tribinn nan televizyon, li deklare vòt 4 desanm nan reflete pwen d vi pèp la malgre apèl opozisyon an lanse pou mande pou yo refè eleksyon an.
Li akize organizatè manifestasyon an mass k ap fèt nan peyi a kòm moun k ap travay pou peyi oksidantal yo. Premye minis ris la di tou manifestasyon ki fèt tankou sa ki te fèt semèn pase a, aprè eleksyon palmantè a akseptab depi yo pa vyole okèn lwa.
Lapolis rapòte 20 mil moun te pran lari nan Moskou samdi pase e plizyè milye lòt te defile nan plizyè lòt vil nan Larisi pou yo pwoteste kont swadizan iregilarite ki te genyen nan eleksyon palmantè yo , eleksyon ke pati mesye Putin nan , an palan de Pati Larisi Ini an ranpòte nan Larisi.