Accessibility links

Breaking News

Vizit Prezidan Afrik di Sid la nan Libi


Vizit Prezidan Afrik di Sid la nan Libi
Vizit Prezidan Afrik di Sid la nan Libi

Prezidan Afrik di Sid la, Jacob Zuma gen pou l rive Libi lendi 30 me 2011 la pou l eseye ranje yon akò seselfe ant fòs lidè libyen an, Moammar Khadafi ak rebèl yo ki mande l pou l kite pouvwa a.

Depi konfli a te kòmanse, sa fè 2èm fwa Mesye Zuma ap vwayaje nan kapital Libi a, Tripoli kòm reprezantan Inyon Afrikèn nan .

Lendi 30 me 2011 la tou, sekretè jeneral L’Otan an Anders Fogh Rasmussen di kanpay militè a nan Libi ap akonpli objektif li e rèy latèrè msye Khadafi a ap rive nan bout li.

Fòs l’Otan yo gen prèske 2 mwa depi y ap lanse atak ayeryen anba yon manda Konsèy sekirite Nasyonzini an pou pwoteje sivil yo anba atak.

XS
SM
MD
LG