Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Pati Maduro a Fini Avek Opozisyon an Nan Eleksyon Rejyonal yo, sou Prezans Inyon Ewopeyen


El presidente de Venezuela, Nicolás Maduro, emite su voto en las elecciones regionales
El presidente de Venezuela, Nicolás Maduro, emite su voto en las elecciones regionales

Pouvwa Prezidan Nicolas Maduro, ke yon pati nan kominote entènasyonal la pa rekonèt, ranpòte yon gwo viktwa nan eleksyon rejyonal yo dimanch, kote yo genyen 20 sou 23 gouvènè ak Meri Caracas la.

Imedyatman Prezidan Maduro te vizibman kontan nan televizyon,lè li pale de "rezilta sila"."Bèl triyonf, bèl viktwa, bèl rekòt, sa se fwi travay nou ".

Opozisyon an ki divize te patisipe pou premye fwa nan eleksyon yo depi 2017 apre yo te bòykote eleksyon prezidansyèl ak lejislatif yo.

Opozisyon genyen twa eta nan eleksyon dimanch yo: zile Nueva Esparta, Cojedes ak sitou Zulia.

Peyi a afekte pa yon kriz ekonomik san parèy ak nan ipè-enflasyon,. Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te di fwa sa pousantaj patisipasyon an te monte a 41,8% ak 8,1 milyon votè te patisipe sou 30 milyon abitan.

Anvan anons rezilta yo, advèsè Henrique Capriles, de fwa dezyèm nan eleksyon prezidansyèl la, te eksprime rezèvasyon li lè yo konsidere ke biwo yo te fèmen an reta, e ke fwod posib.

Inyon Ewopeyen an te deplwaye yon misyon elektoral.

Vladimir Padrino ki se Minis Defans lan te asire nan yon deklarasyon televize byen bonè nan aswè ke jounen an te pase nan "lapè".

Venezyela ki ap fè fas ak sanksyon ekonomik, espesyalman nan men Etazini ki vle retire Maduro sou pouvwa a. Caracas limenm vle montre transparans eleksyon yo avek prezans Inyon Ewopeyen an.

Juan Guaido ke senkant peyi, rekonèt kòm prezidan pwovizwa pa
di li kwè ke "gen yon sètitid, Maduro pral kontinye ilejitim nan peyi a".

Anvan vot la, yon espesyalis elektoral nan opozisyon an te di "pa gen okenn posibilite pou fwod ak aparèy nou sèvi yo."

XS
SM
MD
LG