Accessibility links

Breaking News

Venezyela: Inyon Ewopeyen di te Gen Iregilarite Pandan Eleksyon Rejyonal yo


Venezuela election
Venezuela election

Misyon obsèvasyon eleksyon Inyon Ewopeyen an te deklare te gen plizyè iregilarite pandan eleksyon rejyonal yo nan Venezyela, kote pati Prezidan Nicolas Maduro a te ranpòte yon gwo viktwa nan prezantasyon rapò preliminè yo.

Isabel Santos ki se chèf misyon an te di "Misyon nou an te obsève mank endepandans jidisyè, mank transparans nan eleksyon yo, yo pat valide kandidati kek nan kandida yo."

Misyon an, te di tou gen kek amelyorasyon nan "kondisyon vòt yo" konpare ak vòt ki te fet nan eleksyon anvan yo, e li presize ke "kad elektoral la te respekte standa entènasyonal ki pi fondamantal yo".

Pati Prezidan Maduro a te genyen 20 nan 23 gouvènè ak meri nan Caracas, dapre rezilta pwovizwa Konsèy Elektoral Nasyonal la (CNE) te anonse.

XS
SM
MD
LG