Prezidan Asanble Nasyonal Venezuela a ki deklre tèt li prezidan peyi sid ameriken, Juan Guaido lanse apel pou mande kominote entènasyonal la pou l apiye efò lap fè pou fòse Prezidan konteste Nicolas Maduro ki nan pwoblèm renmèt pouvwa a e retabli demokrasi nan peyi sid amerikenan.
Asanble Nasyonal la te fè konnen re-eleksyon Maduro a nan mwa me pase a pa ilejitim. Lezetazini rekonèt Guaido kom lidè pwovizwa peyi a. Prezidan Maduro pwomèt pou l òganize eleksyon palmatè antisipe epi prezidansyèl an 2025 ane manda 6zan li a ap bout.