Accessibility links

Breaking News

Unyon Euwopeyen Rekomande pou Reprann Restriksyon COVID-19 pou Touris Ameriken


Foto Achiv: Pasaje ap debake nan ayewopo Gatwick vil Lond la, 2 Out, 2021.
Foto Achiv: Pasaje ap debake nan ayewopo Gatwick vil Lond la, 2 Out, 2021.

Unyon Euwopeyen an wetire Etazuni sou lis peyi kote sitwayen li yo gen dwa vwayaje san ke sote pou sante yo. UE a rekomande tou pou re-enpoze restriksyon COVID-19 yo kont touris ki soti Etazuni kote nouvo ka coronavirus yo ogmante anpil nan semen ki sot pase yo.

Rekomandasyon an, ki pa egzije okenn peyi suiv konsey la, vini 2 mwa apre Unyon Euwopeyen an te leve preske tout restriksyon li yo pou touris Ameriken, malgre Etazuni limenm pa kite touris Euwopeyen vwayaje lakay li.

Pou yon peyi antre sou lis "sen e sof" UE a fok li gen mwens pase 75 nouvo ka coronavirus pou chak 100,000 abitan pandan yon peryod 14 jou. Denye chif Sant Kontwol ak Prevansyon Maladi Etazuni (CDC) montre yon to plis pase 300 nouvo ka coronavirus pou chak 100,000 abitan.

Unyon Euwopeyen an wete Israel, Kosovo, Liban, Montenegro, ak Masedwan di No sou lis sen e sof li a tou. Kidonk li dekonseye sitwayen li yo vwayaje nan peyi sa yo.

Pami peyi ki toujou sou bon lis la gen Canada, Japon ak Nouvel Zeland.

XS
SM
MD
LG